Si ou menm oswa yon moun nan fanmi ou se yon manm MassHealth, ou bezwen pran dispozisyon pou kenbe asirans sante.

Pran twa etap pou renouvle asirans sante ou:

1. Rele n nan telefòn pou w mete kowòdone ou yo ajou*

Asire w MassHealth gen bon adrès, nimewo telefòn, e imèl ou yo pou yo kontakte w.

*Enfòmasyon sa yo dwe mete ajou pa chèf fanmi an, moun ki se detantè kont prensipal MassHealth la, oswa Reprezantan Otorize ki Deziyen an (ARD). Pou konnen si ou se chèf fanmi an oswa ARD, tanpri rele Sèvis Kliyantèl MassHealth nan 800-841-2900 oswa (TTY: 711) oswa ale nan Kesyon yo Poze Souvan.

  • Tout manm ka rele MassHealth nan (800) 841 2900 (TDD / TTY : 711) pou mete kowòdone yo ajou. Sa p ap chanje kouvèti asirans medikal yo genyen an.

2. Verifye bwat postal ou ki soti nan MassHealth

  • Si ou resevwa yon anvlòp ble nan bwat postal, ou ap bezwen pran dispozisyon pou ou kenbe asirans sante ou.

3. Reponn MassHealth:

Apati samdi 1ye avril 2023, mete kont ou an ajou avèk nouvo enfòmasyon sou elijibilite (sètadi : montan lajan ou touche) gendwa chanje kouvèti asirans medikal ou genyen an.

Ou ka bay nouvo adrès, nimewo telefòn, e imèl ou yo san w pa chanje kouvèti asirans medikal ou a lè w rele MassHealth nan (800) 841 2900, TDD / TTY : 711.

Ou Bezwen Èd?

Rele Sèvis Kliyantèl MassHealth nan

800-841-2900 oswa (TTY: 711)

Lendi a Vandredi ant 8:00am – 5:00pm.

Pran yon randevou ak yon reprezantan MassHealth, ale sou:

https://www.mass.gov/info-details/schedule-an-appointment-with-a-masshealth-representative

Pou jwenn èd nan men yon ekspè enskripsyon asirans sante tou pre w, klike sou vil/ti vil ou a:

Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou mass.gov/masshealthrenew